MIAMI.-Yon ekip enpozan, dominatris avek yon kalite jwèt wo nivo. Little Haïti Supreme FC te vrèman chame moun nan Pak Manno Sanon an nan sware samedi 23 avril lan.
Avek pèfomans kèk eleman kle nan ekip lan tankou Stanley Innocent, Ramado Pierre Louis, Guilberson Shaun, Ekip Ti Ayiti a rache yon viktwa enpotan kise 3e pou 3 sòti yo fè nan konpetisyon an. 5 a 4 se eskò final match boul lan men avek ekip Argentine ki pat vle bese bral, ki pa sanble vle direje defèt. Jose Alberto, Lucio Alarcon, Ismaël Rodriguez, Agustin Nowak se bitè pou ekip Argentine lan, men pou yon jès deplase, Nowak Augustin, kise 4e bitè pou ekip Argentine lan, te pral sòti aprè yon katon wouj. Yon ekip Argentina malgre febles yo te afiche nan premye mitan an te pral reprann yo nan 2e mitan an.
Antrenè Moise Derivoir, aprè premye 1e mitan an panse se yon match ki nan avantaj ekip li an men nan mank de konsantrasyon, ekip lan peche aprè 2 gòl yo ankese. Mouvman sa yo deranje konsantrasyon yon ekip foutbòl.Antrenè Moïse kwè gen lòt travay ki pou fèt pou amelyore ekip lan.
Yon lòt kote, Antrenè Gabriel Michel panse fòk ti mesye yo plis serye, e konsa na evite erè e rezilta yo ap vi n jwenn nou avèk fasilite. Antrenè Gan kwè gen kèk faz nan jwèt lan ki manke repete nan match lan, sa mande plis travay. Nou dwe dakò gen anpil erè e staff teknik lan konsyan de sa. Objektif yo se rive kreye konpetisyon anndan ekip lan tou pou ogmante efektif lan paske se yon chanpyona ki long.
Nap raple Ekip Little Haïti Supreme FC an deja anrejistre 3 viktwa sou 3 match yo dispite nan konpetisyon an. Prochèn sòti ekip lan se pou wikenn kap vini la a.
Herby Richemond
Selil kominikasyon LHSFC